2 Chronicles 17:14
Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil (0300.000) sòlda sou zòd li.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Li te gen avè l' Jokanan avèk desankatrevenmil (0280.000) sòlda sou zòd li.
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Genesis 15:5Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.
Numbers 1:18yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,
2 Chronicles 13:3Abija leve yon lame katsanmil (0400.000) vanyan sòlda ki konn goumen. Jewoboram bò pa l' kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil (0800.000) vanyan sòlda ki konn goumen.
2 Chronicles 26:13Sou zòd yo te gen yon lame ak twasansètmil senksan (0307.500) sòlda toujou pare pou lagè. Yo te grannèg anpil, yo te toujou pare pou al goumen ak lènmi wa yo.