2 Chronicles 18:16
Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen te wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a te di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 2:7Koulye a, pran kouraj! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.
1 Kings 22:17Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.
2 Kings 10:3n'a chwazi yonn nan pitit mèt nou an, sa nou wè ki pi bon an, sa ki gen kalite pou sa, n'a mete l' sou fotèy la nan plas papa l'. Lèfini, n'a goumen pou pran defans li.
Jeremiah 23:1Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 34:8Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo.
Zechariah 13:7Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.