2 Chronicles 18:19
Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou li al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tet li.
Cross References
1 Kings 22:20Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l' al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.
2 Chronicles 25:8Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la.
Job 12:16Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.
Isaiah 6:9Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
Ezekiel 14:9Si yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k'ap kite yo pran tèt li. M'ap lonje men m' sou li pou m' pini l', m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
James 1:13Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal.