2 Chronicles 18:18
Miche pran lapawòl ankò, li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:2Lè li wè yo, li di: -Sa se lame Bondye a. Se konsa li rele kote a Manayim.
Psalms 103:20Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!
Isaiah 6:1Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.
Isaiah 39:5Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Koute mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou:
Jeremiah 19:3Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo.
Daniel 7:9Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen.