2 Chronicles 18:4
Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Tanpri, annou mande Seyè a sa li di nan sa.
Bib La
In The King James Version
And Jehoshaphat said unto the king of Israel, Enquire, I pray thee, at the word of the LORD to day.
In Context
Cross References
1 Samuel 23:4David tounen al pale ak Seyè a ankò. Seyè a reponn li: -Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou.
2 Samuel 2:1Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon.
2 Samuel 5:23David mande Seyè a sa pou l' fè. Seyè a di l': -Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo.
2 Chronicles 34:26Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la.
Jeremiah 21:2Yo di l': -Tanpri, pale ak Seyè a pou nou, paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Seyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nèbikadneza vire do l' al fè wout li.