The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 21 › Jeremiah 21:2

Jeremiah 21:2

Yo di l': -Tanpri, pale ak Seyè a pou nou, paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Seyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nèbikadneza vire do l' al fè wout li.

Bib La

In The King James Version

Enquire, I pray thee, of the LORD for us; for Nebuchadrezzar king of Babylon maketh war against us; if so be that the LORD will deal with us according to all his wondrous works, that he may go up from us.

In Context

1Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis.

3Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo: -Men sa n' aval di wa Sedesyas pou mwen:

Read all of Jeremiah 21

Cross References

Joshua 10:1Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, te vin konnen Jozye te pran lavil Ayi a, li te detwi l' nèt tankou yon ofrann pou Seyè a, li te touye wa a menm jan li te fè l' pou lavil Jeriko ansanm ak wa li a. Adonisedèk te vin pran nouvèl tou moun Gabawon yo te al rann tèt yo bay moun Izrayèl yo, epi yo t'ap viv nan mitan yo.

Judges 20:27Lèfini, yo mande Seyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.

1 Samuel 10:22Y' al mande Seyè a si pa gen lòt moun ankò. Seyè a reponn: -Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo!

1 Samuel 17:45David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.

1 Samuel 28:15Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè.

1 Kings 22:3Wa Izrayèl la di chèf li yo: -Nou konnen lavil Ramòt ki nan peyi Galarad la se pou nou li ye. Poukisa nou pa fè anyen pou nou reprann li nan men wa peyi Siri a?

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 21:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 21:1Jeremiah 21Jeremiah 21:3 →