2 Chronicles 20:18
Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li byen ba devan Seyè a jouk fwon li rive atè. Tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a tou pou adore l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:31Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.
Nehemiah 8:6Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a.
Psalms 95:6Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!