The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 20 › 2 Chronicles 20:19

2 Chronicles 20:19

Moun Levi branch fanmi Keyat yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Kore yo leve kanpe, yo pran fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, byen fò.

Bib La

In The King James Version

And the Levites, of the children of the Kohathites, and of the children of the Korhites, stood up to praise the LORD God of Israel with a loud voice on high.

In Context

18Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li byen ba devan Seyè a jouk fwon li rive atè. Tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a tou pou adore l'.

20Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.

Read all of 2 Chronicles 20

Cross References

1 Chronicles 15:19Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik.

1 Chronicles 16:42Eyman ak Jedoutoun te gen twonpèt, senbal ki fè gwo bri yo ak lòt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pòtay yo.

1 Chronicles 25:1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:

Ezra 3:12Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon tanp lan t'ap moute ankò devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan.

Nehemiah 12:42ansanm avèk moun k'ap chante yo: Maseja, Chemaja, Eleaza, Ouzi, Jokanan, Malkija, Elam ak Azè. Se Jizraja ki t'ap mennen chante a.

Psalms 49:1(049:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (049:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 20:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 20:182 Chronicles 202 Chronicles 20:20 →