2 Chronicles 20:21
Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 16:29Fè lwanj Seyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!
1 Chronicles 16:41Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou.
2 Chronicles 7:3Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
2 Chronicles 29:25Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.
Ezra 3:10Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Seyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan.
Psalms 18:4(018:5) Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.