2 Chronicles 7:3
Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan.
4Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou yo touye pou Seyè a.
Cross References
Exodus 4:31Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.
Numbers 14:5Lè Moyiz ak Arawon wè sa, yo tonbe fas atè devan tout pèp la ki te sanble la a.
1 Kings 18:39Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
1 Chronicles 29:20Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a.
2 Chronicles 20:18Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li byen ba devan Seyè a jouk fwon li rive atè. Tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a tou pou adore l'.
2 Chronicles 29:28Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t'ap chante, yo t'ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a.