2 Chronicles 20:26
Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon benediksyon an pou fè lwanj Seyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:20Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'.
Exodus 17:15Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'.
2 Samuel 22:1Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.
Psalms 103:1Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!
Isaiah 62:4Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.
Acts 1:19Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akeldama, ki vle di: jaden san an.)