Isaiah 62:4
Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.
Bib La
In The King James Version
In Context
3W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.
Cross References
Psalms 16:3Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.
Isaiah 32:14Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.
Isaiah 54:1Jerizalèm, ou menm ki pa t' kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l' pa t' janm kite l' la. Se Seyè a menm ki di sa.
Isaiah 54:6Ou tankou yon madanm mari l' kite l', epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l' te renmen depi lè l' te jenn gason, men li vire do kite l'. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li.
Isaiah 61:10Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.
Isaiah 62:12Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.