2 Chronicles 21:20
Joram te gen tranndezan lè li moute wa, li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Pesonn pa t' pran lapenn pou li lè li mouri. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 24:25Lè moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t'ap sèvi avè l' yo fè konplo sou do l' pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.
2 Chronicles 28:27Lè li mouri, yo antere l' lavil Jerizalèm, men yo pa t' mete l' nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
Jeremiah 22:28Moun yo rele Jekonya a, èske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pesonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pa t' janm konnen?