2 Chronicles 24:25
Lè moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t'ap sèvi avè l' yo fè konplo sou do l' pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 12:20Se pwòp chèf li yo ki te moute yon konplo sou do l'. Yo touye l' nan kay yo te bati sou ranblè ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, sou wout ki mennen desann bò Sila a.
2 Chronicles 21:16Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram.
2 Chronicles 21:19Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fè l' pou zansèt li yo.
2 Chronicles 22:6Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba blese li te pran nan batay li t'ap mennen kont Azayèl, wa peyi Siri a, lavil Ramòt. Lè sa a, Okozyas moute lavil Jizreyèl pou l' vizite Joram, pitit pitit Akab, paske Joram te malad.
2 Chronicles 24:16Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a.
2 Chronicles 25:3Lè Amasya fin chita otorite l', li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l' yo epi ki te touye papa l'.