2 Chronicles 22:5
Li koute konsèy yo, li mete tèt ansanm ak Joram, pitit pitit Akab, wa peyi Izrayèl la, pou al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt lavil Ramòt nan peyi Galarad. Moun Siri yo blese Joram.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 3:1Lè sa a, wa Jozafa t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida lè Joram, pitit Akab la, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase douzan ap gouvènen nan lavil Samari.
2 Kings 8:28Wa Okozyas mete tèt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y' al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt bò lavil Ramòt nan peyi Galarad. Sòlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la.
2 Chronicles 18:3Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
2 Chronicles 19:2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
Daniel 5:22Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo.