2 Chronicles 19:2
Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l'.
Cross References
Deuteronomy 5:9Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Deuteronomy 32:41lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite.
1 Samuel 9:9Nan tan lontan, lè yon moun te bezwen mande Bondye kichòy, li te konn di: Ann al kay divinò a, paske lè sa a se konsa yo te konn rele pwofèt Bondye yo.
1 Kings 16:7Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
1 Kings 21:25Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.
2 Chronicles 18:1Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l' ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la.