2 Chronicles 23:1
Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l' fè sa pou l' fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 18:3Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li.
2 Kings 12:7Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: —Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan.
Nehemiah 9:38Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.