Nehemiah 9:38
Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 15:12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.
2 Chronicles 29:10Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m' pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.
Ezra 10:3Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè.
Nehemiah 10:29nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n'ap fè la a. Nou pran angajman n'ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l' la, pou nou. Nou pran angajman n'ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo.