2 Chronicles 24:5
Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: -Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pa t' prese.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Kèk tan apre sa, Joas pran desizyon pou l' repare Tanp Seyè a.
Cross References
2 Kings 12:4Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: —Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a.
2 Chronicles 21:2Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou.
2 Chronicles 34:8Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a.