2 Chronicles 34:8
Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 20:24Adoram te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a.
1 Chronicles 18:15Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan chèf lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo.
2 Chronicles 24:5Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: -Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pa t' prese.
Jeremiah 1:2Lè Seyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.
Jeremiah 26:24Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.
Jeremiah 29:21Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Seyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout.