2 Chronicles 25:16
Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
Deuteronomy 2:30Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.
2 Chronicles 16:10Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.
2 Chronicles 18:25Se konsa wa Akab pase yon lòd, li di: -Arete Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a.
2 Chronicles 24:21Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a.
Proverbs 1:30Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou.