2 Chronicles 16:10
Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 11:4David voye mesaje al chache l' mennen l' ba li, li kouche avè l'. Lè sa a Batcheba te fèk fin fè sèvis pou l' fè apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li.
2 Samuel 12:31Li pran moun ki te rete nan lavil la, li fè yo travay ak goyin, wou ak rach. Li mete yo travay ap fè brik. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil nan peyi Amon an. Apre sa, li tounen Jerizalèm ak tout moun li yo.
1 Kings 13:4Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l' anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t' ka fè yon mouvman avè l' ankò.
2 Chronicles 25:16Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.
Job 20:19Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
Proverbs 9:7Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li.