2 Chronicles 26:21
Wa Ozyas rete ak maladi po a sou li jouk li mouri. Li te rete nan yon ti kay apa pou kont li, jan yo fè l' pou moun ki gen maladi sa a. Yo enpoze l' mete pye l' nan kay Seyè a. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki te reskonsab tout bagay nan palè a. Se li menm tou ki te gouvènen pèp la nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 5:2-Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo mete deyò nan kan kote yo rete a tout moun ki gen move maladi po, moun ki gen ekoulman, osinon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye paske yo manyen kadav moun mouri.
Numbers 12:15Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pa t' leve pati toutotan yo pa t' kite Miryam tounen nan kan an ankò.
2 Kings 15:5Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.