2 Chronicles 26:23
Lè Ozyas mouri, yo antere l' apa nan simityè wa yo. Poutèt vye maladi po li a, yo pa t' mete l' nan tonm wa yo. Se Jotam, pitit li a, ki moute wa nan plas li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 21:20Joram te gen tranndezan lè li moute wa, li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Pesonn pa t' pran lapenn pou li lè li mouri. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.
2 Chronicles 27:1Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.
2 Chronicles 33:20Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden palè a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.