2 Chronicles 28:10
Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:39Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik.
Jeremiah 25:29Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Romans 12:20Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje.