Leviticus 25:39
Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 21:2Lè ou achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l' sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gen dwa al fè wout li san l' pa gen anyen pou l' peye ou.
Leviticus 25:46N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè.
1 Kings 9:22Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.
2 Chronicles 28:10Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an?
Jeremiah 25:14Yo menm tou moun Babilòn yo, anpil lòt nasyon ak gran wa va fè yo tounen esklav. M'ap fè yo peye pou tou sa yo fè.
Jeremiah 30:8Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lòt nasyon ankò.