2 Chronicles 29:34
Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Konsa tou, yo ofri sisan (0600) towo, twamil (03.000) mouton pou yo touye pou Bondye.
Cross References
Numbers 8:15Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.
Numbers 18:3Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri.
2 Kings 12:6Men, Joas te gen tan ap mache sou venntwazan depi li te wa, prèt yo pa t' fè ankenn reparasyon nan Tanp Seyè a.
2 Chronicles 29:5Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.
2 Chronicles 30:15Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a.
2 Chronicles 35:11Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo.