2 Chronicles 30:15
Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:10Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo.
2 Chronicles 5:11Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis.
2 Chronicles 29:32Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (0200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.
2 Chronicles 30:2Wa a te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a.
2 Chronicles 30:24Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (01.000) towo bèf ak sètmil (07.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a.
2 Chronicles 35:6Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Seyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Seyè a te bay Moyiz lòd la pou nou.