The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 29 › 2 Chronicles 29:6

2 Chronicles 29:6

Zansèt nou yo pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t' okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l' menm!

Bib La

In The King James Version

For our fathers have trespassed, and done that which was evil in the eyes of the LORD our God, and have forsaken him, and have turned away their faces from the habitation of the LORD, and turned their backs.

In Context

5Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.

7Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.

Read all of 2 Chronicles 29

Cross References

2 Chronicles 28:2Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.

2 Chronicles 34:21-Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.

Ezra 9:7Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a.

Nehemiah 9:32Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.

Jeremiah 2:13Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.

Jeremiah 2:27Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 29:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 29:52 Chronicles 292 Chronicles 29:7 →