2 Chronicles 34:21
-Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:15Moyiz reponn bòpè l' konsa: -Se sa pou m' fè paske pèp la vin kote m' pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans.
Deuteronomy 28:15Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
Deuteronomy 30:17Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo,
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
1 Kings 22:5Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Annou mande Seyè a sa li di nan sa.
2 Kings 22:13—Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.