2 Chronicles 31:10
Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Lè sa a, Ezekyas pale ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo sou koze ofrann yo.
11Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare,
Cross References
Genesis 26:12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
Genesis 39:5Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'.
Exodus 36:7Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la.
Leviticus 26:4lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Deuteronomy 28:8Seyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an.
2 Kings 4:43Men domestik la di l': —Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: —Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.