Leviticus 26:4
lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m' yo, si nou swiv yo,
Cross References
Leviticus 25:19Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.
Deuteronomy 11:13Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,
Deuteronomy 28:12L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.
Job 5:10Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.
Job 38:25Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,
Psalms 65:10(065:11) Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen.