2 Chronicles 31:17
Prèt yo te enskri dapre fanmi yo. Men moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti, te enskri dapre travay pou yo fè ak jou pou yo travay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:20Men non pitit gason Merari yo ak tout fanmi yo: Se te Makli ak Mouchi. Men non fanmi moun Levi yo, dapre non zansèt yo.
Numbers 4:38Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Gèchon yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
Numbers 4:46Se konsa Moyiz ak Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman branch fanmi Levi yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
Numbers 17:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo.
1 Chronicles 23:27Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
2 Chronicles 31:2Apre sa, Ezekyas separe prèt yo ak moun Levi yo an gwoup ankò. Li bay chak gwoup lè pou yo pran sèvis yonn apre lòt. Nan chak gwoup, chak moun te gen travay pa yo pou fè lè y'ap boule bèt nèt pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann pou mande Bondye padon, lè y'ap di Bondye mèsi, lè y'ap fè lwanj li, lè y'ap sèvi l' nan papòt Tanp Seyè a.