The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 31 › 2 Chronicles 31:2

2 Chronicles 31:2

Apre sa, Ezekyas separe prèt yo ak moun Levi yo an gwoup ankò. Li bay chak gwoup lè pou yo pran sèvis yonn apre lòt. Nan chak gwoup, chak moun te gen travay pa yo pou fè lè y'ap boule bèt nèt pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann pou mande Bondye padon, lè y'ap di Bondye mèsi, lè y'ap fè lwanj li, lè y'ap sèvi l' nan papòt Tanp Seyè a.

Bib La

In The King James Version

And Hezekiah appointed the courses of the priests and the Levites after their courses, every man according to his service, the priests and Levites for burnt offerings and for peace offerings, to minister, and to give thanks, and to praise in the gates of the tents of the LORD.

In Context

1Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.

3Apre sa, li pran nan bèt ki pou li yo li bay pou yo boule nèt pou Seyè a chak maten, chak aswè, pou ofrann jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl ak pou lòt gwo jou fèt yo, jan sa ekri nan Lalwa Seyè a.

Read all of 2 Chronicles 31

Cross References

1 Chronicles 16:4David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l', pou di l' mèsi, pou fè lwanj li.

1 Chronicles 16:40Chak maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Seyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyè a te bay pèp Izrayèl la.

1 Chronicles 23:6David separe moun Levi yo fè twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.

1 Chronicles 24:1Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.

1 Chronicles 25:1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:

1 Chronicles 26:26Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 31:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 31:12 Chronicles 312 Chronicles 31:3 →