2 Chronicles 32:17
Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l': Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t' ka delivre pèp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m'!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:36Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.
2 Kings 19:11Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi anvan ou yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m!
2 Kings 19:14Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.
2 Kings 19:28Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
Isaiah 10:15Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.
Isaiah 37:23Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.