Isaiah 10:15
Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 17:13Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo.
Isaiah 29:16Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye?
Isaiah 45:9Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l' la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon.
Ezekiel 28:9Lè y'a vini pou yo touye ou la, w'a pretann di se yon bondye ou ye toujou? Pou moun k'ap touye ou yo, se moun w'ap ye. Ou p'ap yon bondye kras.