2 Chronicles 32:22
Se konsa Seyè a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalèm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lòt lènmi yo. Li fè yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinaj yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 37:39Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
Psalms 71:20Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.
Psalms 144:10Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la.
Isaiah 31:4Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a.
Isaiah 58:11Se tout tan Seyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouraj. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
John 16:13Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.