2 Chronicles 32:21
Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou.
Cross References
2 Kings 19:20Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: —Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
Job 9:4Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
Psalms 76:5(076:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
Psalms 76:7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
Psalms 132:18M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.
Proverbs 16:18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.