2 Chronicles 32:29
Li fè bati kèk vil, li achte kantite mouton, kabrit ak bèf, paske Bondye te ba li anpil richès.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 8:18Chonje se Seyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouraj sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l' jouk jòdi a.
1 Chronicles 27:29Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo.
1 Chronicles 29:28Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
2 Chronicles 25:9Amasya mande pwofèt Bondye a: -Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: -Seyè a ka renmèt ou plis pase sa!
Job 1:3Li te gen sètmil (07.000) mouton, twamil (03.000) chamo, mil (01.000) tèt bèf, senksan (0500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.
Job 42:12Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (014.000) mouton, simil (06.000) chamo, demil (02.000) tèt bèf ak mil (01000) manman bourik.