2 Chronicles 32:9
Kèk tan apre sa, Senakerib, wa peyi Lasiri a, te rive devan lavil lakis ansanm ak tout lame li a pou l' atake l'. Li voye kèk chèf bò kote Ezekyas, wa peyi Jida a ak bò kote tout pèp ki te lavil Jerizalèm lan avèk mesaj sa a:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 12:11wa lavil Jamout, wa lavil Lakis,
2 Kings 18:17Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.
Isaiah 36:2Apre sa, li bay chèf gad palè li a lòd pou li kite lavil lakis ak yon gwo lame pou l' moute lavil Jerizalèm ale bò kote wa Ezekyas. Chèf gad palè a rive sou wout ki mennen nan jaden kote yo rense twal ki fenk tenn yo, li moute kan li toupre gwo kannal ki bay dlo nan sitèn anwo lavil la.
Micah 1:13Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.