Micah 1:13
Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:17Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.
Joshua 10:3Se konsa, Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, voye misyon bay Oram, wa lavil Ebwon, bay Pireyam, wa lavil Jamout, bay Jafya, wa lavil Lakis, ak bay Debi, wa lavil Eglon.
1 Kings 13:33Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t'ap fè yo. Li t'ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l' pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo.
1 Kings 16:31Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.
2 Kings 16:3Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.
2 Kings 18:17Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.