2 Chronicles 33:16
Li fè repare lotèl Seyè a, li fè ofrann pou mande Bondye padon ak pou di l' mèsi. Li mande pou tout moun nan peyi Jida a sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Pèp la te toujou ap ofri bèt pou yo touye lòt kote, men se te toujou pou Seyè a, Bondye yo a, ase.
Cross References
Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
Leviticus 7:11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
2 Chronicles 14:3Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.
2 Chronicles 29:18Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l': -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l' yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l' yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
2 Chronicles 33:9Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.