2 Chronicles 33:9
Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Seyè a te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l'.
Cross References
Deuteronomy 2:21Yo te bèl wotè tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. Men, Seyè a te touye yo pou moun Amon yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.
1 Kings 14:16Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.
2 Kings 17:8Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo.
2 Kings 21:16Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.
2 Kings 24:3Sa te rive peyi Jida a paske Seyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l' poutèt peche wa Manase te fè yo,
2 Chronicles 33:2Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.