2 Chronicles 33:18
Tout rès istwa Manase a, lapriyè li te fè nan pye Bondye li a, mesaj pwofèt yo te ba li nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, tou sa ekri nan Liv Istwa wa pèp Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Pèp la te toujou ap ofri bèt pou yo touye lòt kote, men se te toujou pou Seyè a, Bondye yo a, ase.
Cross References
1 Kings 11:41Se nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann.
1 Kings 15:31Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
2 Chronicles 20:34Tou sa Jozafa te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa Jeou, pitit Anani an, ki yon pòsyon nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.
2 Chronicles 33:10Seyè a te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l'.
2 Chronicles 33:19Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.
Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.