2 Chronicles 33:19
Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 33:1Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan.
Psalms 119:67Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.
Psalms 119:75Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.
Jeremiah 44:10Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.
Daniel 5:22Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo.
Romans 5:16Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras.