The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 22 › 2 Kings 22:13

2 Kings 22:13

—Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.

Bib La

In The King James Version

Go ye, enquire of the LORD for me, and for the people, and for all Judah, concerning the words of this book that is found: for great is the wrath of the LORD that is kindled against us, because our fathers have not hearkened unto the words of this book, to do according unto all that which is written concerning us.

In Context

12Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:

14Se konsa Ilkija, prèt la, Akikam, Akbò, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive.

Read all of 2 Kings 22

Cross References

Leviticus 26:14Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.

Deuteronomy 27:26-Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

Deuteronomy 31:17Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo.

2 Kings 3:11Jozafa mande: —Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: —Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.

1 Chronicles 10:13Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l',

2 Chronicles 34:21-Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 22:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 22:122 Kings 222 Kings 22:14 →