The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 34 › 2 Chronicles 34:27

2 Chronicles 34:27

Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.

Bib La

In The King James Version

Because thine heart was tender, and thou didst humble thyself before God, when thou heardest his words against this place, and against the inhabitants thereof, and humbledst thyself before me, and didst rend thy clothes, and weep before me; I have even heard thee also, saith the LORD.

In Context

26Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la.

28Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l' yo. Mesye yo tounen rapòte mesaj la bay wa Jozyas.

Read all of 2 Chronicles 34

Cross References

2 Chronicles 12:7Lè Seyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l' konsa: -Paske yo rekonèt yo pa t' dwe fè sa yo fè a, mwen p'ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m'ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p'ap sèvi ak Chichak pou m' fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m' fache sou yo.

2 Chronicles 32:26Tansèlman, Ezekyas ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo rekonèt fòt yo apre sa. Depi lè sa a, Seyè a pa move sou yo ankò jouk jou Ezekyas mouri.

2 Chronicles 33:13Li lapriyè Bondye, Bondye tande lapriyè l' la, li ba li sa l' te mande a. Li fè l' tounen lavil Jerizalèm pou li al pran plas li ankò. Se konsa Manase vin konprann se Seyè a ki Bondye vre.

2 Chronicles 34:19Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi.

Psalms 10:17Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj.

Psalms 51:17(051:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 34:27

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 34:262 Chronicles 342 Chronicles 34:28 →