The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 34 › 2 Chronicles 34:9

2 Chronicles 34:9

Mesye yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo.

Bib La

In The King James Version

And when they came to Hilkiah the high priest, they delivered the money that was brought into the house of God, which the Levites that kept the doors had gathered of the hand of Manasseh and Ephraim, and of all the remnant of Israel, and of all Judah and Benjamin; and they returned to Jerusalem.

In Context

8Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a.

10Yo renmèt lajan an nan men mesye ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di,

Read all of 2 Chronicles 34

Cross References

2 Kings 22:4—Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la.

2 Chronicles 24:11Chak jou, moun Levi yo te pote bwat la bay chèf wa a te mete reskonsab pou sa. Lè yo wè bwat la plen, sekretè wa a ak komisè granprèt la te delege pou sa a wete lajan an. Apre sa, yo mete bwat vid la nan plas li ankò. Yo te fè sa chak jou. Konsa yo te ranmase anpil lajan.

2 Chronicles 30:18Paske pifò moun ki te soti nan branch fanmi Efrayim, nan branch fanmi Manase, nan branch fanmi Isaka ak nan branch fanmi Zabilon yo pa t' fè sèvis pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Yo te manje manje Delivrans lan yon jan ki pa konfòm ak sa ki ekri nan liv lalwa a. Men, Ezekyas lapriyè Bondye pou yo, li di: -O Seyè, Bondye zansèt nou yo, pou jan ou gen bon kè, tanpri padonnen

2 Chronicles 34:14Pandan yo t'ap wete lajan yo te mete nan Tanp Seyè a, Ilkija, prèt la, jwenn liv Lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp la.

2 Chronicles 34:20Lèfini, li fè rele Ilkija, prèt la, Akikam, pitit gason Chafan an, Abdon, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:

2 Chronicles 35:8Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan (02.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (0300) bèf pou yo touye pou fèt la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 34:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 34:82 Chronicles 342 Chronicles 34:10 →