2 Chronicles 5:1
Lè wa Salomon te fin fè travay bati tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l', te ofri bay Seyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 7:39Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basen kwiv la menm, li mete l' sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.
1 Chronicles 22:14Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan (03.300) tòn lò, tranntwamil (033.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou.
1 Chronicles 26:27Nan bagay yo te pran nan lagè, yo te mete kèk ladan yo apa pou fè Tanp lan pi bèl.