2 Chronicles 5:2
Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l' lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.
Cross References
Numbers 10:33Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
2 Samuel 5:7Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.
1 Kings 8:1Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp la vin jwenn li lavil Jerizalèm pou y' al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.
1 Chronicles 15:3Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.
1 Chronicles 15:25Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l' lavil Jerizalèm ak kè kontan.
1 Chronicles 24:6Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama.